top of page

Tout sa'w dwe konnen sou pwogram kredi Patenè a

Kominote M nan (LGBTIQ) nan peyi Ayiti, se youn pami yon pakèt lòt kategori moun yo plis majinalize, yo mete sou kote.  Yo pa gen aksè ak swen sante, ak lajistis, ak anpil lòt dwa ke konstitisyon peyi a ba yo ke yo pa janm jwi tout bon. menm nan biwo leta lè yo ale, yo meprize yo, joure yo, imilye yo epi fè yo kwè ke yo pa moun, ke yo pa gen plas yo nan sosyete a, yo menm konn sibi vyolans fizik e menm konn rive mouri tou.

arton1338.jpg

Enfòmasyon sou konsèy ak mezi nou dwe pran ke KREDI PATENÈ pote pou nou...

Kowonaviris yo se yon gro fanmi viris yo konnen ki komanse ak grip pou l rive nan maladi ki pi grav tankou Sendwòm Respiratwa Mwayen ak Sendwòm Respiratwa Grav. Yon nouvo Kowonaviris (COVID-19) te parèt nan ane 2019 nan Wuhan, peyi Lachin. COVID-19 la ak viris respiratwa k'ap parèt yo, ki gen efè sou moun ki pi aje yo ak moun ki gen pwoblèm pou respire byen.

Toujou sonje lave men nou ak savonepi ak dlo ki pwòp, ak jèl, alkòl ki fèt pou sa.  Toujou mete mask nan figi nou chak fwa nou an piblik, ak lè nap soti nan lari. Tande konsèy otorite sante yo ap bay chak jou, si'w ta remake ou pa anfòm, ou gen fyèv, grip ak kò fèmal kouri rele MSPP nan 2020 gratis

TEMWAYAJ KÈK NAN BENEFISYÈ NOU YO 

123_edited.jpg
sOPHIA-.jpg

Mwen se Sophia SAMEDY. Mwen gen 33 lane,

mwen fèt potoprens.  Mwen komanse fè biznis sa depi mwa fevriye 2016, se yon antrepiz mwen te komanse ak 50 mil goud.  Nan komansman mwen te fe selman 3 pwodui kise: likid, dezenfektan ak klorox.

 

Pandan rès ane yo li vin agrandi e jounen jodia nou fè 18 pwodwi diferan tout gen rapo ak netwataj.


Mwen patisipe nan fèmasyon ke asosiyasyon KOURAJ pou aprann moun jere biznis ak monte pwojè pou antrepriz ke KOURAJ nan nan ane 2019 e enstitision an te pretem 25mil gdes ki te pemet agrandi lwe lokal e ogmante nivo de produksyon an.

Gradient

- AKTIVITE NOU YO -

COUVERTURE.jpg

Konferans Donatè

ak travay group yo

Nan dat 5 pou rive 7 novanm 2017 yo te òganize yon atelye travay, yo te relel konferans Donatè IAF yo, te gen anpil òganizasyon ki te patisipe nan jounen travay sa ke yo te divize an plizyè group

Couv.jpg

Atelye sou lidèchip

Fòmasyon sou lidèchip

ki te òganize  nan mwa Me 2018 la nan lokal asosiyasyon KOURAJ avèk 25 moun ki te soti nan divès òganizasyon LGBTI nan plizyè depatman nan peyi a

Lansman ofisyèl Kredi Patenè

Asosyasyon Kouraj nan kad pwojè pou ranfòse kapasite finansye moun LGBTI yo, ki finanse pa Fondasyon Entè-Ameriken (IAF) te lanse ofisyèlman Mèkredi 31 Mas 2021 pwogram KREDI PATANÈ a.

Fòmasyon sou mikro kredi nan vil OKAY

Asosyasyon Kouraj nan kad pwojè pou ranfòse kapasite finansye moun LGBTI yo (KREDI PATANÈ ), te òganize yon fòmasyon sou jesyon finans  nan vil OKay nan dat 1e pou rive 4 dawout 2018 lan nan kad pwojè pou ranfòse kapasite  epi montre moun ki nan kominote M nan kòman pou yo monte epi fè biznis yo mache pi byen.  Yon pwojè ki finanse pa Fondasyon Entè-Ameriken (IAF)  

Ann viv li ak imaj yo

bottom of page