top of page

Lansman ofisyèl kredi patenè

Asosyasyon Kouraj, nan kad pwojè pou ranfòse kapasite finansye kominote M nan (LGBTIQ+), ki finanse pa Fondasyon Entè Ameriken an (IAF), te lanse ofisyèlman pwogram KREDI PATANÈ a jou ki te mèkredi 31 mas 2021 an.


Inisyativ sa a te kreye nan objektif pou ede moun ki soti nan kominote M lan (LGBTIQ+) ki pa gen aksè a sistèm kredi tradisyonèl yo jwenn finansman ki vize ranfòse kapasite antreprenè yo ak amelyore kondisyon lavi yo.  Pwojè sa vize touche nan kòmansman anviwon 200 a 300 moun dirèk ak endirèk ki pral sa yo aprann nan fòmasyon yo pou aplike nan biznis yo ak ogmante revni yo  omwen 30%.

IMG_1127.CR2
IMG_1125.CR2
IMG_1118.CR2
IMG_1132.CR2
IMG_1130.CR2

Plizyè òganizasyon patnè te prezan pou sipòte inisyativ sa a.  Direktè egzekitif asosyasyon an Stephenson Méus nan diskou li te remèsye òganizasyon ki bay lajan pou pwojè a kanpe (IAF)  epi felisite kolaboratè yo ki te travay san pran souf pou inisyativ sa a rive reyalize. Li te pale tou ak patisipan yo te chwazi pami sila yo ki te fòme pandan twa dènye  fòmasyon ki te òganize sou jesyon biznis la.  Lansman sa a se yon premye pou kominote a!, nan temwayaj patisipan yo, yo ankouraje dirijan yo travay pi di pou fasilite plis jèn ki nan kominote a e ki nan sitiyasyon difisil yo vin enterese nan antreprenarya epi suiv fòmasyon sa a.

Asosyasyon an pa bò kote pa'l ap ankouraje lòt moun rantre epi bay kout men nan pwojè sa a pou l vin tounen yon zouti pou kwasans ekonomik kominote M nan ke yo toujou ap majinalize nan peyi a ke leta peyi nou an bliye si yo egziste.

bottom of page