top of page

Fòmasyon ki te fèt nan Pòtoprens

Depi nan mwa mas 2021 an IAF ak Kouraj tap eseye kontinye ak fòmasyon sou pwojè mikrokredi ki vize pou fòme antreprenè nan kominote LGBTI a epi ede yo kreye plan biznis yo. Malgre sitiyasyon sosyo-politik, ekonomik ak ensekirite peyi a ap viv, 26 patisipan te prezan nan dat 9 pou rive 13 dawout 2021 an nan otèl Decameroon. Yo te soti nan divès òganizasyon LGBTI ki nan plizyè depatman nan peyi a.  KOuraj te apresye jès la malgre anpil difikilte yo te jwenn sou wout yo nan moman deplasman yo te kontan pote nouvo konesans ak nouvo bagaj entelektyèl bay jèn sa yo ki enterese a fè biznis.

bottom of page