Devoir final dans le cadre du cours de communication créole.
Dernière mise à jour : 19 sept.
Dokiman sa se yon travay ke etidyan Université Notre Dame d’Haïti (UNDH) ak Faculté des Lettres et des Sciences Humaine (FLESH) te reyalize kòm devwa final yo nan etid kou kominikasyon kreyòl yo. Nou menm nan asosiyasyon KOURAJ, nou chwazi pataje ak piblik la seksyon sa ki pale de omoseksyalite. An Ayiti depi'w pale de omoseksyalite, ou wè kominote LGBTIQ+ l, ke an Ayiti nou menm nan langaj pa nou an nou rele kominote M (Masisi, Madivin, Makomè ak Miks). Se yon kominote ki regroupe yon pakèt moun ki diferan. Chak moun sa yo ap viv yon reyalite nan vi yo ki pa menm ak tout lòt moun, se pou rezon sa ki fè ke yo se youn nan kominote ki plis stigmatize malgre anpil jefò kap fèt nan tout mond pou fè respekte dwa moun yo. Yon kominote an Ayiti ke yo pa sispann stigmatize, fè vyolans sou yo sou tout fòm, malgre gen jefò kap fèt ak anpil òganizasyon kap defann dwa moun ak alye yo.
Prezantasyon Magazin SOSYO-MAG

Sosyo-Mag, se yon ti magazin ki trete kѐk nan fenomѐn ki ap fè aktyalite nan mond sila jounen jodi a. Souvan popilasyon mondyal la gen anpil dout sou koze sa yo, sa menm konn fè gwo deba pou yo ka rive jwenn kѐk solisyon, men jouk koulye a yo tabli yon teren antant ak moun kipa vle dakὸ sou pretѐks relijyon, oubyen yo pa save pou konprann kèk nan yo. Se pou sa nou menm jѐn ki yon tikras kiltive nou te wè'l plis ke nesesѐ pou nou ta fè yon ti kout je sou ansanm fenomѐn mondyal sa yo. Kote nou pral gade ansanm :kote yo sòti ? kisa ki pwodwi yo? zefѐ yo gen sou mond sila oubyen sou lavi moun kap viv ladan l yo. Nan di magazine nou pale de :
1- Pwostitisyon timoun 2- Omoseksyalite 3- Adiksyon moun gen pou dwὸg
Omosekyalite
Ki kote omosekyalite a soti ?
- Omosekyalite a soti Lagrès Antik pou plis pesizyon nan yon vil yo rele Atèn. Men nan tan sa, yo te dakö pou yon granmoun ak yon timoun menm sèks fè bagay pou granmoun nan ka transmèt konesans li bay timoun nan, men depi timoun nan vinn granmoun yo entedil kontinye ak pratik sa. Dèfwa tou sete konn mèt ak esklav ki te konn fè bagay ansanm ke'l te fi ke'l te gason paske esklav la se te enstriman mèt la li te ye.
Kisa omosekyalite a ye menm?
- Omoseksyalite a se relasyon seksyèl yon fanm gen ak yon fanm oubyen yon gason ak yon gason. Gen peyi kote yo rele gason yo « GAY » et fi yo « LESBIENNE » nan peyi Dayiti yo rele gason yo « MASISI »e fanm yo « MADIVIN » .yo souvan idantifye gason ki gen estil fanm kom masisi et fanm ki gen estil gason kom madivin, sa konn rive yo sa vre men defwa se tou senpleman yon gason ki santi'l fèmen nan kò yon fanm oubyen yon fanm ki santi'l fèmen nan kò yon gason. Sykolög yo rele sa souvan « kriz idantite »
Konbyen tip omosekyel ki genyen?
- Gen plizyè tip omosekesyèl genyen : 1-Biseksyèl la : ki se yon moun ki fe bagay ni ak fanm ni ak gason pou suiv lamòd oubyen paske li renmen moun menm sèks avè'l. Oubyen yo fòse'l marye ak yon moun ki gen sèk diferan. Ka sa souvan repete bò kote nonm ak fanm ki marye. 2-Omoseksyel pa aksidan: yo souvan remake Pratik sa pandan timoun nan piti oubyen bò kote yon ti jenn fanm oubyen gason ki ap fè menm bagay ak zanmi'l. 3-Omoseksyel Pasaje: kategori sa li men m gen plisye soutip ki se : 3-1-kris idanti seksyèl la : se yon moun pandan yon peryòd nan lavi'l ap chache konn kiyès li ye e ki idantite seksyèl li, èske li renmen fanm oubyen èske li renmen gason. 3-2-kompetisyon seksyel la : se yon moun ke l te fanm ke l te gason nan yon peryod nan lavi l anvi konpere nivo andirans li pa rapo ak yon moun ki gen men sex ave l. 3-3-Moun ki renmen konnen an : se yon moun ki deside fe bagay ak yon moun ki gen menm sex ave l pou l ka konnen kisa yon moun santi le l fe sa oubyen paske moun nan anvi goute lot plezi ki gen nan lavi a. 3-4 -Omosekesyèl pou ti moman : se yon moun ki fè bagay ak yon moun menm sèks avè'l paske kote'l ye a pa gen posibilite pou'l jwen moun lèt sèks la. Yo jwen ka sa souvan bò kote solda yo oubyen moun ki nan prizon yo. 4- Moun ki chwazi sa: yo toujou pou yon rezon oubyen yon lòt, oubyen moun sa yo fèt konsa, depi tou piti yo gen atirans pou moun ki gen menm sèks avè'l la, gen sykològ ki di se yon moun lè'l te piti ki te rate yon peryòd nan lavi'l oubyen li gen sa yo rele nan lang franse a « Blocage affectif » andan kategori sa gen de sou kategori ki se: 4-1-Moun ki refoule a : se yon moun ki deside kache sa'l santi paske'l wont, pou sosyete a oubyen fanmi'l pa wont oubyen tou akoz relijyon'l. 4-2-Moun ki asime a: se moun ki aksepte tèt li janl ye a, ki afiche'l nan je tout moun e ki pa okipe kritik sosyete a.
Pèsonalite moun ki vinn konnen li omoseksel la
- Nan sykoloji yo idantifye kat pèsonalite yon moun ka prezante lè li dekouvri li se omoseksyèl ki se :
Gason pafè : gason pafè a se yon timoun ki wont de sa'l ye a ki ap chache kache sa, kategori moun sa yo konn fò lekòl,oubyen gwo espotif e li konn difisil pou antoraj moun sa konnen ki oryantasyon seksyèl li. E nan yon moman nan lavi'l pou yon rezon ou pou yon lòt konn deside afiche'l lè sa yo konn di se yon etap li pat viv pandan'l te timoun ke li ap chache ratrape pandan'l granmoun, e si moun sa te gentan marye sa konn met gwo pwoblèm nan fanmi sa.
Prekòs la : kategori sa se moun ki byen bonè deside montre tout moun kiyès li ye san reflechi ak konsekans zak sa pral mennen. Moun sa konn vinn souvan adikte ak alkòl oubyen ak dwòg paske li paka sipòte kritik moun ap bali, e li konn menm rive nan yon nivo pou'l touye tèt li paske yo pa aksepte'l jan'l ye a.
Agranman: nan lag fransè a yo rele moun sa Caméléon : se yon moun ki pran fonm kote'l ye a, se yon moun ki toujou ap jwe yon wòl ki pa janm limenm tout bon, si'l avèk yon ekip moun ki omofòb limenm tou li ap omofòb e si'l avèk moun ki omoseksyèl li pran fòm omoseksyèl la tou. Kategori moun sa konn souvan pe bwè alkòl paske alkòl la ka montre kiyès li ye tout bon, lè li bwè'l li konn gen tandans koze ak moun menm sèks avè'l olye pou'l fè kontrè a. Epi li konn gen anvi touye tèt li.
Rebel la : kategori sa se li ki pi ra, se yon moun ki fὸ, ki afiche'l san li pa okipe'l de pawòl moun, ou pap jwenn moun ki anvi touye tèt yo nan kategori sa ni moun ki adikte
Kisa ki lakoz bagay sa yo rele omoseksyalite a ?
Koz omoseksyalite a se souvan : Mank lajan - Mank afeksyon - Paske zanmi yo fè'l - Paske yo anvi goute lòt plezi - Paske yo pa jwen moun lòt sèks la kote yo ye a - Paske yap chache vwè idantite yo ect…
Kisa li koze ?
Pratik sa koze anpil gwo maladi esepsyalman pou gason ak gason paske anis lan ki se yon aparey ki la pou'l jete tout sa kò a pa bezwen pa fèt pou'l resevwa yon organe tankou pati siperyè fi a fèt pou sa. li konn bay : Sida, Kanse nan anis, Enfeksyon ect..
Temwayaj
Nan yon rankont nou te genyen ak youn nan moun ki nan kominote M nan pou nou te jwenn plis pwesizyon, manb fondatè yon òganizasyon ki pote nom kouraj te pèmèt nou konprann fason moun yo viv sa sitou nan peyi Dayiti kote yo poko vle aksepte koze maryaj pou tout moun nan .

Kiyes ou ye ? « Mwen se Charlot Jeudy mwen gen 32 zan mwen fèt 1er janvye 1984 nan yon guetto nan sid Potoprens, mwen soti nan yo fanmi 5 timoun. Mwen fini lekèl ,e mwen etidye dwa men mpa pratike'l. Mwen se yon militan kap defann dwa masisi, madivin, makomè miks sa yo rele nan entenasyonal la la communaute LGBT »
Pale nou de ou antan ke omoseksyèl (èske'w fèt konsa oubyen ou vinn konsa, oubyen yon peryèd nan lavi'w ki fè'w fè chwa sa)? « Se yon kesyon ki toujou difisil pou m reponn. Èske ou fèt konsa ? Èske ou vinn konsa ? mwen toujou gade'l tankou yon dwa. Ke'm fet konsa, ke'm vinn konsa mwen gen yon dwa yo rele dwa sekesyèl, pou mwen menm se sak konte. Konbyen moun ki fèt konsa ki rete nan klozèt ki pa deside viv seksyalite sa. »
Koman fanmi'w ak antouraj ou te viv oryentasyon seksyèl sa? « Sa pat janm yon pwoblèm ni pou manman'm ni pou papa'm, je me suis toujours considere comme un masisi chanceux. Papa'm mouri a 76 zan mwen pa janm sonje yon fwa li di'm Charlot pou kisa'w chwazi fè sa. E mwen raple'm lè'm te jenn mwen te ka gen 16 zan konsa mwen di manman'm ke mwen renmen gason epi repons ke'l te banm se « pou le moman Charlot al lekòl » mwen pat konprann repons lan men jan nou konnen kesyon sekyalite nan peyi sa se yon bagay ki tabou, on n’en parle pas, mais pour cette soit disant sexualité accepté qui est l’heterosexualité men'm pa ka pale klè. Menm nan zòn bò lakay mwen yo te konn gade m mal e ti jenn gason te toujou pè jwe avè'm »
Èske gen lòt moun nan fanmi'w ki omosekeyèl? «Bon, mwen paka di'w, men se sѐten kapab gen lòt ki konsa men mwen poko fè konesans ak yo paske manman'm soti Grandans nan peyi Jeremi e papa'm soti Gonayiv nan yon lokalite yo rele Bwa machan. »
Koman'w wè tèt ou nan sosyete sa ki konsidere omosekesyèl tankou yon krim, yon peche e menm yon maladi? «Mwen wè tèt mwen tankou yon aktivis, yon militant ki ap poze yon kesyon ke anpil moun pa vle tande oubyen poko prè pou yo tande. Paske sa ki pi enpòtan se ede moun yo konprann kesyon sa, ede yo konprann tout stigmatizasyon ak diskriminasyon ke sosyete sa ap konnen. Se pou sa nou kreye de oganizasyon pou sa Mennen moun yo non Sèlman a reflechi sou kesyon sa paske kesyon konpòteman sekesyèl se kesyon ke tout sosyete a dwe chita pou l reflechi, ke nou vle l ke nou pa vle l se de konpatriyòt ayisyen ke nou kondane , ke nou vle'l ke nou pa vle'l nou kondane pou nou viv ansanm malgre diferans yo. Menm jan nou kapab evolye ak divès relijyon san nou pa gen pwoblèm mwen pa wè dram ki genyen si gen plize seksyalite. »
Kisa kite make w plis antan omoseksyèl? « Youn nan bagay kite make kite pi gwo desepsyon ke m te genyen se yon zanmi mwen , nou fe de 6eme a Filo ansanm. Apre nou fini lekol mwen we l nan lari mwen rele l li pa reponn sa te vreman fe m mal. E apre mwen vinn rankontre yon lot zanmi ki ap dim li di l Cchralot we l nan lari li rele alos ke li se masisi sa te vreman touche. Se sak fe m kwe ke li plis ke nesese pou yo konprann e pou yo soti de tout prejjije sa yo ke yo gen nan tet y opa rapo ak moun ki masisi,madivi,makome ,mixte paske se avant ou de sitoyen ki genyen seksyalite yo, ki gen mod de konpoteman sou kabann yo ki pa gade pesonn. »
Depi kilè asosyasyon sa sou pye? « Asosyasyon sa kanpe depi 18 desanm 2011. Anvan nou te yon gwoup masisi ki tap chache òganize yo nan sans pou nou gen de espas pou nou epanwi nou. »
Kisa ki fèt ekzakteman nan asosyasyon sa? « Nou fè plizyè bagay, premyèman, nou fè mobilizasyon kominotè, nou ede moun ki nan kominote sa konn dwa yo ak devwa yo. Nou monte de rezo nan lòt vil ke potoprens, nou fè depistaj kominotè, jan nou konnen VIH se yon flewo ki ap frape tout moun e pou moun nan kominote sa li menm pou yo konnen stati sewolojik yo. E si genyen ladan yo ki revele ke yo reyaktif pou nou fè lèt manm akonpanye yo nan de enstitisyon klasik yo . Paske generalman nou konnen lè yon omoseksyèl parèt nan enstitisyon sanitè yo souvan yo gade yo mal, pandan ke nou menm nou kreye de kanal ant nou menm ak FOSREF,GESKIO,Femme PEREO nan yon seri de pwogram pou goumen kont VIH SIDA pou ke moun sa yo jwenn swen nòmalman jan pou yo jwen li. E nou fè tou pledwaye paske si yo atake yon omoseksyèl pou tèt oryantasyon seksyèl li nou fè akonpaye'l pou li pouswiv delinkan sa lajistis. »
A ki pi gwo pwoblèm gwoup sa konn konfonte? « Menas, mwen te ka di diskriminasyon,entimidasyon,vyolans fisik ak sykolojik paske lè moun yo ap pale de omoseksyèl genyen ki pa menm pran nou pou moun, bèt sa yo,abominasyon sa yo,malediksyon sa yo se de bagay ki grav. Pa ekzanp mwen sonje mwen te gen yon jenn ki te gen pwoblèm nan anus li, l'ale nan lopital Lapè Delmas 33, gen yon doktè ki di li menm li pa pral manyen li, li pap opere li paske se yon abominasyon se terib. Zansèt nou yo goumen twò lontan pou yo te banou libète pou nou gen tout difikilte sa yo.
Èske ou gen pwojet fonde yon fanmi? « Oui ! Moi et mon cherie nous avons cela comme projet. Mon cheri lui a déjà une fille, epi mwen m'konte adopte yon timoun, menm si nou poko ka marye nan peyi sa, mwen panse ke se lanmou ki genyen antre nou an ki konte non pas un papier disant que nous sommes mariés. »
Èske nan relasyon omoseksyèl gen yon fi ak yon gason? « Nan kominote nou an gen sa yo rele le penetré epi le penetrant oubyen actif, pasif. Se pa paske'm se yon penetre ki fè'm se yon fanm, se pa paske'm se yon pasif ki fè'm son fanm. Mwen kwè byen Simon De BEAUVOIR explike byen kilè yon moun fanm. Se de kliche sa yo ye. Men se yon reyalite tou nan sans ke ou nan kominote a nou gen de rapò ki fè tankou fanm ak gason, lòt bagay ke moun yo pa konprann si yon gason genyen yon relesyon avèk yon trans paske gen gason ki renmen tran-lover, trans lan se yon gason ki wè'l fanm oubyen yon fanm ki wè'l gason, lè sa nan relasyon an se ap tankou de etewoseksyèl yon gason yon fanm. »
Ki mesaj ou tap voye bay tout omoseksyel sitou sa kip a afiche yo? « Map di tout omoseksyèl yo de manyè jeneral fòk yo antre an rezistans paske yo pap ba nou kado sa, sosyete a klè li pap fè nou kado sa. Fòk yo antre nan yon posesis dyalòg. Paske se sèlman nan dyalòg ke n'ap vinn pa gen konpreyansyon de pwoblem sa e ke n'ap kapab amonize nou. Fòk nou dyaloge avèk moun yo, se vre ke yo gen jodi a yon move pèsepsyon pa rapò a kominote sa. Mwen pa di pou yo fè coming out yo si yo pa peze risk ki genyen nan zak sa. Coming out nan yon peyi tankou peyi sa se yon gwo desizyon si yon moun santi'l pare fè'l, men si'w pa pare pa ko fè'l. paske se ou ki pou jije risk ki genyen yo pa rapò ak zak sa. »
Ki mesaj ou tap voye bay tout omofob ki di omoseksyalite a se yon abominasyon? « L’homosexualite est une abomination et alors ? Se petèt abominasyon pan ou, nan kisa sa deranje. M'ap envite yo pou gen tolerans, au respect de la dignite humaine parce que les homosexuels ont leurs droits et que touts le monde doient les respectes. »
Devoir final dans le cadre du cours de communication créole
Texte écrit par
Vanessa CHERVIL et Marie Medjine BRICE