top of page

Fòmasyon ki te fèt nan Pòtoprens

Nan kad pwojè pou ranfòse kapasite finansye moun LGBTI an Ayiti, 5 desanm 2022 sa a Asosyasyon KOURAJ te lanse 7èm fòmasyon li sou Antreprenarya, yon pwogram ki rele KREDI PATENÈ lanse ofisyèlman mèkredi 31 mas 2021 ak finansman  Fondasyon Entè Ameriken. Yon inisyativ ki te parèt nan objektif pou ede moun nan kominote M (LGBTIQ+) ki pa gen aksè ak sistèm kredi tradisyonèl yo jwenn mwayen pou monte yon biznis oswa ranfòse sa ye te gen deja ki tap mache.

 

Pwogram sa a ta ka ede yo jwenn finansman ki vize ranfòse kapasite antreprenarya yo epi amelyore kondisyon lavi yo.  Daprè responsab òganizasyon yo, inisyativ sa a vize touche 200 a 300 moun dirèk ak endirèk ki pral ede yo monte yon biznis  oswa ranfòse komès yo te gen deja elatriye pou ogmante revni yo epi ede lòt moun ki bò kote yo.  Malgre difikilte responsab Kouraj yo rankontre akòz enstabilite politik ak ensekirite, yo deside kontinye pwojè a jiskobou.

bottom of page