

Tout sa'w dwe konnen sou pwojè Kredi Patenè a
Kominote M nan (LGBTIQ) nan peyi Ayiti, se youn pami yon pakèt lòt kategori moun yo plis majinalize, yo mete sou kote. Yo pa gen aksè ak swen sante, ak lajistis, ak anpil lòt dwa ke konstitisyon peyi a ba yo ke yo pa janm jwi tout bon. menm nan biwo leta lè yo ale, yo meprize yo, joure yo, imilye yo e fè yo konnen ke yo pa moun, ke yo pa gen plas yo nan sosyete a, yo menm konn sibi vyolans fizik e menm konn rive mouri tou.
Nan sousi pou vini an èd ak kominote a, Fondation Inter-Americaine (AIF) nan patenarya ak asosyasyon Kouraj Pou Pwoteje Dwa Moun, lanse pwojè sa pou ranfòse kapasite finansye moun LGBTI yo an Ayiti. Se yon gwo pa ki fèt pou kominote M nan, pou jan nou konnen li difisil pou yo jwenn aksè ak yon kredi nan men enstitisyon ki jere kesyon sa yo nan peyi a.
Pwojè sa kòmanse nan lane 2018 kote yo deside fè fòmasyon pou yon santèn (100) jenn fi ak jenn gason ki deja nan komès enfòmèl pou vin antreprenè e ki kapab vin monte yon gwo biznis tou. Pwojè a tou pou ranfòse kapasite moun yo pou ke asosyasyon Kouraj vini kòm yon òganizasyon ki vle grandi, fè entegrasyon sosyal ak ekonomik moun LGBTI. Asire pwomosyon pwogram epi revni pou popilasyon LGBTI pandan nap devlope yon bon pwogram fòmasyon. Rankontre avèk gwoup koperativ lokal yo pou ankouraje yo mete kredi disponib pou moun LGBTI nan devlope patenarya sa a ak asosyasyon Kouraj la.
Lansman pwojè a te fèt nan lokal asosiyasyon KOURAJ nan dat 01 Me 2018 ak reprezantan diferan òganizasyon LGBTIQ yo.tankou: ORAH, AJCCDS, FONDATION ERITAGE, SEROVIE, ACESH, CHAAPS, AFARKAP, OCED, UPLCDS, OTRAH, ACIFVH, APLCH, APVID. Aprè lansman pwojè a KOURAJ te kòmanse fè fòmasyon pou moun ki nan òganizasyon yo ki nan zòn entèvansyon pwojè a, ki se: Leyogan, Pòtoprens, Okay, Jakmèl, Gonayiv ak Okap Ayisyen.
Pwojè a pap kanpe la, asosiyasyon KOURAJ ak patnè li yo ap travay pou ranfòse inisyativ sa, pou rive jwenn plis mwayen pou ede plis moun ki nan kominote M nan e menm rive jwenn sa ki pi vilnerab yo pou fè kominote M nan pwospere e jenere anpil revni pou moun kap viv ladanl yo.