Mach diyite!!
Nou menm KOURAJ kap lite kont tout fòm Diskriminasyon ak Stigmatizasyon sou Oryantasyon seksyèl ak idantite de jan, nou te patisipe nan mach pasifik pou Diyite kote nou tap di, Non ak Inegalite Viv Enklizyon, yo pa gen dwa retire Nasyonalite okenn moun ak gwo ponyèt. Pou te di non ak anti Ayisyanis nan Repiblik Dominiken jou ki te 21 Jiyè 2015 lan,ansanm ak plis pase 20 lòt òganizasyon nan sosyete sivil la, pandan nou tap manifeste solidarite nou ak tout yon milye sitwayen Ayisyen ki viktim abi ak rasis, ak zenofòb TC-168/13 repiblik Dominiken an. Mach la te kòmanse Channmas devan plas Desalin nan pou li te al bout devan lokal Primati a. Oganizasyon ki te òganize Mach la se te Kolektif 4 Desanm ak alye li yo.
"DWA AK YON NASYONALITE se yon DWA Moun TANKOU TOUT DWA MOUN!!"



